C’est avec enthousiasme que le Centre N A Rive t’invite à se joindreà lui ainsi que tous les membres de ton réseau à venir célébrer avec nous Une Journée culturelle le samedi 29 octobre 2016.

Cette journée comporte 2 grands moments :

–          De 11h am à 5h pm :  Lancement des nouveaux produits  BoukanMikalaw manje – Plezi mizik avèk Lopez – Kilti lakay : liv, jwèt kat, domino, lido, chekè

–         De 6h pm à 9h : – Conférence sur le roman créole haïtien avec les académiciens MM Frenand Léger et Michel-Ange Hyppolite§ 

– Animation culturelle

ANONS POU KOMINOTE A AK TOUT ZANMI KOMINOTE A

JOUNEN ENTÈNASYONAL KREYÒL NAN SANT N A RIVE

Samdi 29 oktòb 2016

Samdi 29 oktòb, Sant N A Rive kase randevou ak tout kominote a, tout zanmi, fanmi  pitit lakay tankou pitit tè, nan gwo banbi k ap dyaye nan Espas Kiltirèl Sant N A Rive, 6965 ri St-Denis kòmanse 11 è nan maten rive pou 5 è aprèmidi.

A 6 zè diswa se Komite Kreyòl la ki ap pran kòn nan, kote yo pral fè yon gwo chita koze sou zafè roman nan literati ayisyèn.  

Jounen an ap detaye konsa :

Premye pati:  11 è nan maten rive pou 5è aprèmidi

Mikalaw manje

–  Degistasyon – Vant Lansman Nouvo Pwodui Boukan

– Pare pou manje :  – samousa

– kokiyòl

– Pare pou fasi : – kònè

– vòl o van

– Pwodui konjle :  –  pat feyte

– kwout pou tat

– vòl o van

– Vant Manje Kreyòl

– Boulèt – Kwokèt mori – Kibi – vyann ak pwason boukannen – benyen pòmdtè, benyen patat dous

Plezi mizik avèk Lopez:

– Ekspozisyon foto atis Aysisyen

– Banbòch mizik

Kilti Lakay:

– Ekspozisyon – vant liv kreyòl

– Jwèt pou ou  tankou chekè, kat, bezig, damye, lido

Dezyèm pati

Avèk Komite kreyòl la : konferans sou  WOMAN AYISYEN AN KREYÒL: Istwa ak patisipasyon woman kreyòl nan evolisyon lang nan.

Konferansye :  2 akademisyen (Frenand Léger, PhD, Carleton University, ak Michel-Ange Hippolyte, M.ED, pwofesè alaretrèt)

Apre sa, bèl animasyon kiltirèl.

Pou enfòmasyon : 514 278 2157

By admin

Read previous post:
Close